Ann Pale Podcast show

Ann Pale Podcast

Summary: Ann Pale is a Haitian podcast hosted by Ritchywmg telling stories and the latest news from the world in Creole language #FromHaiti

Join Now to Subscribe to this Podcast

Podcasts:

 Ann Pale - Epizòd 9 - Kisa ki sistèm elektoral Ameriken an? | File Type: audio/mpeg | Duration: 671

Avèk Ralph Jean Noël nou esplike w kisa ki sistèm elektoral ameriken an, kisa koulè wouj, ble ak mov lan vle di, e kilè yon eta kapab baskile yon eleksyon prezidansyèl.

 Ann Pale - Epizòd 8 - Enpòtans Eleksyon Amerikèn Nan Mond lan. | File Type: audio/mpeg | Duration: 635

Avèk Ralph Jean Noël, nou pale de enpòtans Eleksyon amerikèn yo nan mond lan, Epizòd sa se kòmansman yon Seri de epizòd ki pral gen pou pale de Eleksyon amerikèn yo nan sousi pou n mete w nan yon anbyans elektoral. Pa bliye Swiv nou sou rezo sosyal yo pou tout demand patisipasyon ak sijesyon. [Twitter : @annpalepodcast], [Instagram : @annpalepodcast], [Facebook : Ann Pale Podcast]. Bon Ekout☺ e toujou sonje podcast pi bèl lèw mete kas.

 Ann Pale - Epizòd 7 - Plis Detay Sou Coronavirus la (avèk Slyngshot Radio Emisyon Spesyal) | File Type: audio/mpeg | Duration: 3173

Yon Emisyon spesyal Sou coronavirus avèk Slyngshot Radio kote nap pale de kijan viris lan ap avanse nan kèk peyi tankou Etazini e koman Haiti dwe aji fas ak kriz sa, nou pwofite bay kèk chif e kèk enpak pozitif viris lan pral kite nan mond sa e koman Haiti dwe tou pwofite, Mete kas ou epi bon ekout ou pap regrèt. Pa bliye nou disponib sou twitter ak Instagram pou tout sijesyon @annpalepodcast

 Ann Pale - Epizòd 6 - CoronaVirus | File Type: audio/mpeg | Duration: 893

Nan epizòd sa, nou te chita pale ak yon Jèn Ayisyen (MikeDay509) ki ap viv Lachin, li te pwofite rakonte nou kijan Viris lan ap evolye Lachin,ki mezi leta pran e menm bay kèk konsiy pou pa atrape viris lan. [Pa bliye swiv @annpalepodcast sou twitter,FB ak IG]

 Ann Pale - Epizòd 5 - Destitisyon *Impeachment* Donald Trump | File Type: audio/mpeg | Duration: 877

Nan Epizòd sa, nou montre kijan pwosesis destitisyon an ye nan peyi etazini ak yon rale sou pèsonaj Nancy Pelosi, e èske vrèman Prezidan Donald Trump gen chans destitiye. Bòn ekout

 Ann Pale - Epizòd 4 - Finans Pèsonèl | File Type: audio/mpeg | Duration: 1183

Nan Epizòd sa nou te fè yon ti pale de finans pèsonèl ak Richlee Cénéus ki se yon Jèn Etidyan an finans,li te tou pwofite pote kèk konsèy pou nou. [Kèk konsey,sijesyon oubyen remak? Ekri nou sou Instagram @annpalepodcast ak Twitter @annpalepodcast. ]

 Ann Pale - Epizòd 3 - Ki kote Hamburger Soti ? (Spesyal BurgerWeek) | File Type: audio/mpeg | Duration: 397

Nan epizòd sa nou rakonte ki kote Hamburger soti e kijan li fè rive etazini e nan ki ane li vin popilè konsa

 Ann Pale - Epizòd 2 - Deba Relijyon Politik Izrayelo-Palestinyen | File Type: audio/mpeg | Duration: 1937

Nan epizòd sa,Nou Esplikew konfli ki opoze Izrayèl ak Palestine lan sou 2 aspè,yon aspè politik ak yon aspè teyolojik pouw ka konprann pi byen orijin gè sa

 Ann Pale - Eske yon fi ki kitew san panse avèw aprè te renmen w' vrèman (ep.01) | File Type: audio/mpeg | Duration: 790

Nan epizòd sa n'ap chache konnen èskew ka kite yon moun kew te vreman renmen sanw' pa panse avè l' aprè.

Comments

Login or signup comment.